乂Dira │ eXplore. become.

Pou itilizatè ak patnè nou yo

Nan matematik, lèt « x » senbolize « sa nou pa konnen », kòm nan « x + 2/3 = 5/3 » ; yon lòt kote, li vle di tou « chemen ki kwaze ». « Dira » vle di « bousòl » nan lang kiswahili, lang natif-natal yo plis pale an Afrik. « XDira » se yon jwèt videyo ki ede jèn yo reflechi epi prepare chwa etid ak karyè yo pandan y ap patisipe nan yon kous machin oswa moto sou yon wout ki gen 15 domèn, 115 metye ak 7 etap. XDira : yon jwèt serye !

Sant AVNIW kreye jwèt serye sa a pou bay jèn yo plezi pandan y ap trase chimen etid ak karyè yo tèt frèt.

XDira makònen ak objektif Òganizasyon Nasyonzini pou Edikasyon, Lasyans ak Lakilti (UNESCO) ak Òganizasyon Entènasyonal Travay (OIT) nan sa ki gen pou wè ak oryantasyon pwofesyonèl : konnen tèt ou, eksplore metye ak fòmasyon yo, konprann mond travay la pi byen, epi ranfòse otonomi pou konstwi pwojè karyè w.

Lekòl ak sèvis oryantasyon pwofesyonèl yo kapab itilize XDira kòm yon zouti pedagojik. Sant AVNIW ofri fòmasyon ak dokiman pou ede enstitisyon sa a yo byen itilize XDira pou klere chimen elèv yo.

Moun tout laj ak nivo etid ka jwe XDira. Men, pou jwèt la pa depaman ak sa jwè a ap aprann lekòl, li t ap pi bon apati 11-12 zan. Kidonk, jwèt la bay tout moun filig, nan nenpòt nivo.

XDira se yon jwèt video entènasyonal, li pèmèt jwè yo chwazi peyi yo epi eksplore divès anviwònman pwofesyonèl. Li adapte ak tout kilti epi disponib nan 4 lang : fransè, anglè, panyòl ak kreyòl ayisyen.

Kontak :
avniw.com/kontak
kontak@avniw.com